Accessibility links

Breaking News

Biden, Pitit Pitit li Vote Bonè nan Eleksyon Mi-Manda yo


Prezidan Joe Biden rive pou depoze bilten li bone nan eleksyon mi-manda yo ansanm ak pitit pitit li, Natalie Biden, kap vote pou premye fwa, nan vil Wilmington, Delaware, Samdi 29 Oktob, 2022.
Prezidan Joe Biden rive pou depoze bilten li bone nan eleksyon mi-manda yo ansanm ak pitit pitit li, Natalie Biden, kap vote pou premye fwa, nan vil Wilmington, Delaware, Samdi 29 Oktob, 2022.

Prezidan Joe Biden depoze bilten li nan eleksyon mi-manda yo ansanm ak youn nan pitit pitit li yo, ki tap vote pou premye fwa nan vi'l.

Elektè yo te ka vote bonè apati wikèn sa a nan eta Delaware, kote Biden gen rezidans li. Dabitid li konn al pase fen semèn yo nan kay li genyen lòt bò a.

Demokrat toupatou nan peyi Etazini ankourje elektè yo pwofite okazyon pou y'al vote bonè, swa pa lapòs, oubyen nan biwo'd vòt ki louvri toupatou kounyea. Yo kwè sa va ba yo avantaj, epi ankouraje plis moun vote.

Biden te vote Samdi ansanm ak pitit pitit li, Natalie, ki gen 18 an.

Biden di li santi'l anfòm pa rapò ak eleksyon mi-manda 8 Novanm yo, ki pral deside ki pati kap kontwole Kongrè a pandan 2 ane kap vini yo.

XS
SM
MD
LG