Accessibility links

Breaking News

O'Rourke Espere Ranvèse Tantativ Gouvènè Texas Abbott ap Fè pou yon 3èm Manda


Foto Achiv: Gouvene Repibliken eta Texas Greg Abbott.
Foto Achiv: Gouvene Repibliken eta Texas Greg Abbott.

Gouvènè Repibliken Texas la, Greg Abbott ak Demokrat Beto O'Rourke ap twoke konn yo nan yon nan kanpay elektoral mi manda ki koute pi chè nan tout peyi a.

Abbott ap eseye ranpote yon twazyèm manda. Yon viktwa ta ogmante chans pou'l poze kandidati li a la prezidans an 2024.

O'Rourke bò kote pa li ap eseye ranvèse misye sou pouvwa a pou'l tounen premye gouvènè eli Demokrat nan peyi Texas depi 1990.

Tou le 2 kandida yo depanse plis pase $100 milyon nan yon kous ki te vin pi entans apre masak nan lekòl Uvalde a.

O'Rourke ap poze kandidati li pou yon pòs piblik pou twazyèm fwa apre defèt li te sibi nan dènye eleksyon an pou yon syèj nan Sena a an 2018. Li te pèdi pa yon maj tou mens. Misye te tante chans li san siskè tou nan eleksyon primè prezidansyèl 2020 an.

XS
SM
MD
LG