Accessibility links

Breaking News

Gouvènè Texas Voye 2 Otobis Chaje ak Migran Devan Rezidans Vis Prezidan Harris

Sevis Sekre Etazini veye barye sekirite tou pre rezidans Vis Prezidan an nan Obsevatwa fos Naval la, Jedi 15 Sept., 2022.
Sevis Sekre Etazini veye barye sekirite tou pre rezidans Vis Prezidan an nan Obsevatwa fos Naval la, Jedi 15 Sept., 2022.

Gouvènè eta Texas, Greg Abbott di li voye 2 otobis chaje ak migran soti sou fwontyè Etazini pataje ak Meksik pou y'al paking kò yo tou pre kay Vis Prezidan Etazini Kamala Harris, ki sitye nan yon katye rezidansyel nan Washington.

Zak sa a fè pati yon batay politik gouvènè Texas la ap mennen kont administrasyon Biden nan akòz li pa dakò ak politik imigrasyon li a.

Abbott pibliye yon mesaj sou Twitter Jedi kote li di li voye otobis sa yo pou atire atansyon administrasyon Biden nan sou nesesite ki egziste pou "sekirize fwontyè a."

Domingo Garcia, prezidan nasyonal Lig Inifye Sitwayen Amerik Latinn nan pale ak lapres sou migran ki rive nan otobis ki soti sou fwontye Meksik Etazini an depi eta Texas e ke yo lage devan kay Vis Prezidan Kamala Harris nan Washington, Jedi 15 Sept. 2022.

Gason ak fanm ki nan otobis tou pre rezidans ofisyel Harris la, ki pataje teren an Obsevatwa Fòs Naval Etazini, tap pote sache ki gen bagay yo ladan yo nan moman yo tap pran direksyon yon legliz tou pre.

Repibliken yo di politik Prezidan Joe Biden yo ankouraje migran yo antre Ozetazini.

Demokrat yo kritike Repibliken yo pou politik Trump te mete an plas ki te fòse migran yo rete tann Meksik ann atandan otorite Ameriken yo te revize demann yo pou azil Ozetazini.

XS
SM
MD
LG