Accessibility links

Breaking News

Misyon Frontalyè Texas la Ogmante, Men yon Pakèt Migran Kontinye Travèse


Foto Achiv: Lapolis ak sekouris yo rive nan zon kote otorite yo di yo jwen plizye douzen moun mouri andedan yon kamyon ke yo sispek tap transpote migran ilegalman Ozetazini.
Foto Achiv: Lapolis ak sekouris yo rive nan zon kote otorite yo di yo jwen plizye douzen moun mouri andedan yon kamyon ke yo sispek tap transpote migran ilegalman Ozetazini.

Tantativ klandesten pou fè migran antre Ozetazini ki echwe e koze lanmo yon pakèt mounnan Texas semèn pase a mete a klè limitasyon kokenn chen operasyon sekirite frontalyè gouvènè Greg Abbott la.

Texas depanse $3 milya pou yon misyon ki gen ladann manm Gad Nasyonal la, pèn prizon pou moun yo sispèk antre Ozetazini ilegalman ak otobis pou transpote migran yo Washington.

Sepandan kantite moun yo bare ap travèse frontyè a ilegalman rive nan nivo pi wo yo janm konstate depi 20 an. Abbott lonje dwèt li sou administrasyon Biden nan.

Semèn sa a, Abbott deklare polisye leta Texas pral fè enspeksyon siplemantè tout kamyon traktè-trelè kap antre lakay li. Otorite leta yo poko di konbyen kamyon yo rete.

XS
SM
MD
LG