Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm: Biden te Korèk Lè'l Mete Fen nan Politik Azil Trump la


Foto Achiv: Timoun ap jwe yon jwet sou telefon yo nan yon abri pou migran nan Tijuana, Meksik, 23 Me 2022.
Foto Achiv: Timoun ap jwe yon jwet sou telefon yo nan yon abri pou migran nan Tijuana, Meksik, 23 Me 2022.

Kou Siprèm Etazini deside ke administrasyon Biden nan te aji komsadwa lè li te mete fen nan yon politik ki te antre ann aplikasyon anba Prezidan Donald Trump, e ki te fose kèk migran ki tap tann pou mande azil rete tann o Meksik.

Jij yo vote 5 - 4 an favè desizyon administrasyon an pran pou'l anile politik "Rete Meksik" la.

Prezidan Joe Biden sispann pwogram sa a premye jounen li sou pouvwa a nan mwad Janvye 2021. Sepandan, tribinal nan nivo federal yo te pase lod pou re-mete'l an plas pou reponn yon pwosè responsab Repibliken nan eta Texas ak Missouri te lanse.

Administrasyon Biden nan voye bokou mwens migran tounen Meksik pase kantite administrasyon Trump la te voye nan peyi a.

XS
SM
MD
LG