Accessibility links

Breaking News

Texas: Otorite yo Pibliye Idantite Sèlman Kèk nan Viktim Yo


Roberto Marquez, moun Dalas ajoute yon fle nan zon kote moun kite plizye bagay pou rann omaj a migran ki mouri nanyon kamyon abandone tou pre vil San Antonio, Texas, 29 Jyen 2022.
Roberto Marquez, moun Dalas ajoute yon fle nan zon kote moun kite plizye bagay pou rann omaj a migran ki mouri nanyon kamyon abandone tou pre vil San Antonio, Texas, 29 Jyen 2022.

Kadav san dokiman pou idantifye yo, vilaj izole san sèvis telefòn, nesesite pou fè anprent pou kadav yo, e menm kat idantite ke moun vòlè, tou sa konplike efò pou idantifye 51 migran ki pèdi lavi yo apre yo te abandone yo nan yon trelè cho nan San Antonio.

Efò sa a fèt pandan fanmi ki nan Meksik gen kè-sote pou moun pa yo ki ka pami mò sa yo. Otorite yo pibliye idantite sèlman kèk nan viktim yo, depi yo te jwenn migran sa yo nan trelè a lendi-a. Sa moutre defi ki devan otorite yo k ap swiv moun k ap chache janbe fwontyè a anba chal.

Komisyonè awondisman Bexar, Rebeca Clay-Flores, ki reprezante distri kote chofè a te abandone kamyon an, fè konnen madi apre-midi ke medsen lejis yo sanble rive idantifye 34 nan viktim yo.

XS
SM
MD
LG