Accessibility links

Breaking News

51 Migran Mouri Nan yon Kamyon Abandone Anba Gwo Chalè Texas


Carlow Eduardo Espina mete woz sou yon teren kote moun pote dives bagay pou komemore lavi migran mi mouri nan kamyon an nan San Antonio, Texas, Madi 28 Jyen 2022.
Carlow Eduardo Espina mete woz sou yon teren kote moun pote dives bagay pou komemore lavi migran mi mouri nan kamyon an nan San Antonio, Texas, Madi 28 Jyen 2022.

Fanmi dezespere migran ki soti Meksik ak Amerik Santral la ap chache enfomasyon sou fanmi yo nan moman otorite yo komanse idantifye 51 moun ki mouri apre yo te abandone yo nan yon kamyon trelè san èr kondisyone nan gwo chalè Texas.

Se trajedi kote plis moun migran mouri jiskaprezan. Gwoup la te viktim trafikan moun ki tap eseye fè yo antre Ozetazini anbachal depi Meksik.

Depite Ameriken Henry Cuellar ki reprezante eta Texas nan Kongrè a di Associated Press ke yo arete chofè kamyon ak 2 lòt moun.

Pi bonè nan jounen an, Prezidan Joe Biden te reyaji a nouvèl sou lanmò migran yo kòm "orib ak dechiran." Li kritike tou kontrebandye yo ki "pa gen okenn respe pou lavi moun."

Yo te vinn dekouvri kadav yo Lendi apremidi andeyo San Antonio lè yon anplwaye leta te tande yon moun ap kriye "o sekou" andedan yon kamyon ki te estasyone sou yon wout kote pa gen anpil machin ki sikile.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG