Accessibility links

Breaking News

Texas: Otorite Ameriken Jwenn Omwens 50 Migran Mouri Nan yon Kamyon


Otorite yo nan Texas dekouvri nan yon kamyon omwen 50 migran ki pèdi lavi yo.

Yo te jwenn kamyon sa a nan San Antonio, anviwon 240 km ak fwontyè Etazini ak Meksik.

Jan de kamyon sa yo se mwayen transpò ke migran yo souvan itilize pou yo antre Ozetazini.

Vwayaj sa a yo trè danjere, sitou paske machin yo pa gen èkondisyone epi okipan ap pèdi enèji akoz chalè a e yo pa jwenn dlo pou yo bwè.

Minis Afè Etranjè Meksiken an, Marcelo Ebrard, di sou Twitter ke li regrete "trajedi sa" e li fè konnen konsil Meksiken an, byen ke nou pa "konnen nasyonalite" viktim yo, te ale nan zon la.

Gouvènè Repibliken eta Texas, Greg Abbott, te sezi imedyatman trajedi sa pou li kritike Prezidan Joe Biden.

"Lamò sa yo se (responsablite) Biden," li deklare. " Yo se rezilta politik li ki ka touye moun sou fwontyè a".

XS
SM
MD
LG