Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksiken an di Gen 22 Sitwayen Peyi l Pami Migran ki Mouri nan Kamyon Texas la


People found dead inside a trailer truck in San Antonio
People found dead inside a trailer truck in San Antonio

Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador deklare pandan yon konferans pou laprès ke gen plizyè sitwayen peyi l ki jwenn lanmò yo nan kamyon otorite Ameriken jwenn nan Texas la.

Prezidan an di te gen omwen 22 Meksiken pami plizyè douzèn migran ke otorite Ameriken yo te jwenn nan yon kamyon nan Texas, e li kontinye pou di gen apeprè 50 moun ki mouri.

"Se yon gwo malè (...) Pou kounye a gen 50 moun ki mouri: 22 soti nan Meksik, 7 soti nan Gwatemala, 2 nan Ondiras ak 19 lot nou pa konn nasyonalite yo".

XS
SM
MD
LG