Accessibility links

Breaking News

Texas: Otorite Arete Mesye yo Sispèk Ki se Chofè Kamyon ki te Chaje ak Migran yo


Migrantes mueren en San Antonio, Texas
Migrantes mueren en San Antonio, Texas

Otorite nan Texas mete men sou yon mesye ke yo sispèk kòm chofè ki t ap kondi yon kamyon chaje ak migran ke chalè te touye nan yon tantativ kontrebann nan Texas. Chofè a sanble ta anba dwòg methamphetamine lè lapolis te jwenn li, dapre sa yon palmantè ameriken, ki te pran enfòmasyon nan men fòs lòd yo, te di ajans nouvèl Reuters.

Kèk ajan lapolis te jwenn Homero Zamorano Jr, yon natif-natal Texas, kache nan yon touf plant toupre kote yo te jwenn traktè-trelè abandone a, lendi a, dapre dokiman ke yo te depoze nan tribinal federal jedi. 53 migran pèdi lavi yo nan kamyon an, e se premye fwa anpil moun pèdi lavi yo konsa nan trafik migran nan istwa Etazini.

Depite nan Kongrè Etazini Henry Cuellar, yon Demokrat ki gen distri li nan pati ès San Antonio, di ajans nouvèl Reuters jedi ke se biwo Pwoteksyon Ladwàn ak Fwontyè Etazini, ki gen ti non CBP, ki ba li enfòmasyon an, men li pa konnen ki jan otorite yo fè rive nan konklizyon sa a.

Zamorano, ki gen 45 lane, te konparèt nan tribinal federal nan San Antonio jedi. Si yo jwenn li koupab, li ka fè fas ak santans prizon avi, oubyen pèn lanmò ak jiska $250,000 amand, dapre sa tribinal la di li.

XS
SM
MD
LG