Accessibility links

Breaking News

Rete Meksik: Jij yo Vote 5 a 4 Anfavè Desizyon Administrasyon Biden lan


Border Asylum Limits
Border Asylum Limits

Kou Siprèm Etazini deside ke administrasyon Biden nan te aji kòmsadwa lè li te fè mete fen nan yon politik ke administrasyon Prezidan Donald Trump te aplike, ki te fose migran ki te fè demann azil rete tann nan Meksik.

Jij yo vote 5 a 4 anfavè desizyon administrasyon Biden nan te pran pou'l anile politik "Rete Meksik" la.

Prezidan Joe Biden te sispann pwogram sa a premye jounen li sou pouvwa a nan mwa Janvye 2021. Sepandan, tribinal nan nivo federal yo te pase lod pou re-mete'l an plas kòm konklizyon pou yon pwosè dirijan Repibliken nan eta Texas ak Missouri te lanse.

Administrasyon Biden nan pako prèt pou egale administrasyon Trump la nan kantite migran li voye tounen Meksik.

XS
SM
MD
LG