Accessibility links

Breaking News

Yon Nouvo Karavan Migran Pran Direksyon Nò


Foto Achiv: Yon migran pote drapo Ameriken an pandan lap rale yon malet nan mitan yon karavan migran kap kite Tapachula nan eta Chiapas, Meksik, bone 6 Jyen 2022.
Foto Achiv: Yon migran pote drapo Ameriken an pandan lap rale yon malet nan mitan yon karavan migran kap kite Tapachula nan eta Chiapas, Meksik, bone 6 Jyen 2022.

Yon gwoup 2,000 migran, Venezyelyen pou pi fò, pran lari Tapachula bonè Vandredi pou mete presyon sou otorite yo pou yo kite yo ale sou frontyè Etazini nan yon moman kote atansyon anpil responsab fikse sou imigrasyon.

Nouvo karavan sa a fome apre dekouvèt yon lot kamyon trelè abandone nan San Antonio, Texas, kote yo jwenn 60 migran mouri andedan an.

Gen 53 nan yo ki mouri nan tantativ echwe pou fè yo antre Ozetazini anbachal.

Nouvèl la vini tou, yon jou apre Kou Siprèm Etazini deside ke administrasyon Biden nan pat fè erè lè li te mete fen nan politik gouvènman Trump la te mete an plas, pou fose migran ki vle mande azil yo rete tann o Meksik.

Apre lot mouvman an mas migran Tapachula mwa pase a, gouvènman Meksiken an te kouri vit negosye avè yo epi ba yo dokiman pwovizwa.

Anpil migran pap tolere anko strateji Meksik anplwaye pou kwense yo nan sid la, lwen ak fwontyè Etazini.

Yo plenyen pou di pwosesis regilarizasyon an - sitou afè mande azil la - pran twop tan, djob yo limite, e yo pa gen lajan ase pou yo ret tann.

Dè douzèn twoup Gad Nasyonal la te veye sou migran yo san yo pat entèveni.

Doris Perdomo, yon migran Venezyelyèn ki tap vwayaje ak 2 timoun piti te kwè fo nouvèl ki di kom kwa Prezidan Joe Biden apa kite tout migran yo antre Ozetazini.

Sepandan, desizyon tribinal la pap gen okenn konsekans tou swit paske administrasyon Biden nan pat tèlman aplike politik "Rete Tann Meksik la".

Yon loto politik Trump ki rete ann aplikasyon, ke desizyon Kou Siprèm nan pran Jedi pa afekte, pèmèt gouvènman Ameriken an ekspilse migran yo san li pa ba yo chans mande azil. Politik sa a voye jete lwa Etazii ak trete entènasyonal ki egziste - pou rezon sanitè ki gen pou wè ak pwopagasyon pandemi COVID-19 la.

Gen plis pase 2 milyon ekspilsyon ki fèt anba lwa sa a ki rele Tit 42, ki te antre ann aplikasyon nan mwad Mas ane 2020.

Pandan karavan migran yo atire atansyon laprès, migran kap vwayaje ak yo reprezante yon ti fraksyon sèlman defile migratwa ki mennen moun sou frontyè Etazini chak jou, d'abitid ak asistans kontrebandye yo.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG