Accessibility links

Breaking News

Responsab Ameriken: Migran ki Mouri Texas yo Pase San Pwoblèm nan yon Pòs Fwontyè


Roberto Marquez ajoute yon kwa an bwa nan yon lye kote moun kite fle, foto ak lot bagay nan memwa migran ki mouri nan yon kamyon abandone nan San Antonio, Texas, Jedi 30 Jyen 2020.
Roberto Marquez ajoute yon kwa an bwa nan yon lye kote moun kite fle, foto ak lot bagay nan memwa migran ki mouri nan yon kamyon abandone nan San Antonio, Texas, Jedi 30 Jyen 2020.

Yon responsab ameriken di migran ki te andedan yon kamyon trelè lè li te pase nan yon pòs fwontyè Gad Fwontyè Etazini san okenn pwoblèm. Apre sa yo te ateri nan vil San Antonio kote otorite yo te vinn dekouvri pi ta, kadav dè douzèn moun.

Kamyon an te pase nan pòs fwontyè sa a ki sitye sou otowout nasyonal 35 o nodès vil Laredo nan eta Texas. Li te gen 73 moun ladann lè li te rive nan San Antonio kote yo te jwenn ni Lendi.

Responsab ki bay enfòmasyon sa a pale ak Associated Press sou kondisyon anonimite, paske li pat gen pèmisyon pou'l diskite sou detay yon ankèt kap rapousuiv.

XS
SM
MD
LG