Accessibility links

Breaking News

Biden Denonse Politik Repibliken yo, Apre yo Voye Migran Nan Eta Demokrat yo

Migran rasanble devan legliz Episkopal St. Andrews sou zile Martha's Vineyard, Massachusetts, kote Gouvene Florid, Ron DeSantis voye yo Mekredi 14 Septanm.
Migran rasanble devan legliz Episkopal St. Andrews sou zile Martha's Vineyard, Massachusetts, kote Gouvene Florid, Ron DeSantis voye yo Mekredi 14 Septanm.

Jedi 15 septanm nan se te 45e anivèsè Enstiti Caucus Ispanik nan Kongrè ameriken-an. Nan okazyon sa a Prezidan Biden te atake Repibliken yo sou dosye imigrasyon an.

Pandan yon gala, Biden te denonse sal rele "strateji tou nèf" Repibliken yo anplwaye kote y ap voye imigran nan vil demokrat yo ap dirije.

Jedi 15 septanm 2022, 2 otobis chaje ak migran ki soti nan eta Florid debake nan Washington DC toupre kay Vis-Prezidan ameriken an Kamala Harris. Biden kritike desisyon sa a. Li fè konnen olye pou yo travay avèk nou pou jwenn solisyon, Repibliken yo ap fè politik ak kretyen vivan kote yo itilize yo kòm zouti.

Texas Border Delays
Texas Border Delays

Gouvènè Eta Tegzas la, Greg Abbott, transpòte nan otobis plizyè migran ki soti Tegzas nan direksyon vil ki gen majistra demokrat. Gouvènè Arizona a, Doug Duce ak Gouvènè Florid Ron Desantis itilize menm taktik sa.

Mesye DeSantis nan eta Florida te deklare ke eta li pa yon "Vil Refij" - an referans ak eta ki gen vil ki resevwa migran. Nan sans sa li itilize avyon pou debake yon gwoup migran nan zile Martha's Vineyard mèkredi ki sot pase la a .

E Gouvenè repibliken Abbott voye li-menm anviwon 75 migran ale Chikago. Se depi mwa davril la yo komanse voye migran nan New York ak Washington.

Domingo Garcia, prezidan nasyonal Lig Inifye Sitwayen Amerik Latinn nan pale ak lapres sou migran ki rive nan otobis ki soti sou fwontye Meksik Etazini an depi eta Texas e ke yo lage devan kay Vis Prezidan Kamala Harris nan Washington, Jedi 15 Sept. 2022.

Domingo Garcia, prezidan Lig Nasyonal sitwayen latin-ameriken kritike gouvenè Repibliken yo pou aksyon sa-yo ke li di pa kretyen.

Imigrasyon tounen yon gwo zam politik ant pati Demokrat ak Repibliken yo nan moman peyi a ap pare pou eleksyon mi-manda yo.

Anpil nan enfòmasyon sa yo soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG