Accessibility links

Breaking News

Biden Mande Meksik Kenbe Imigran yo Anba Mezi Kovid-19 Li Te Pwomèt pou l Elimine


Migran Venezyelyen Jesus Gonzalez, ki kase pye li pandan li tap travese Pas Darien an mache ak fanmi ni nan eta Chiapas, peyi Meksik, 8 Jyen 2022.
Migran Venezyelyen Jesus Gonzalez, ki kase pye li pandan li tap travese Pas Darien an mache ak fanmi ni nan eta Chiapas, peyi Meksik, 8 Jyen 2022.

Pandan kantite migran ki ap travèse fwontyè a ilegalman monte nan nivo ki byen wo, administrasyon Prezidan Ameriken an Joe Biden ap mete presyon anba-anba sou peyi Meksik pou l aksepte plis imigran ki soti nan peyi Kiba, Nikaragwa ak Venezyela anba lwa ki rele Tit 42 a ke gouvènman Trump lan te mete an plas pou anpeche migran yo antre Ozetazini akoz pandemi COVID-19 la.

Gouvènman Biden nan deklare piblikman ke li ap chèche mete fen nan lwa sa a.

Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken te soulve enkyetid Etazini konsènan kantite migran ki ap travèse lakay li soti nan twa peyi sa yo pandan yon vizit li te fè Lendi nan vil Meksik. Gen 2 ofisyèl ameriken ak 2 ofisyèl Meksiken di jounal Reuters, ke Meksik pa t pwomèt okenn aksyon espesifik sou dosye sa a.

Yon ofisyèl Ameriken te di ke li eseye konvenk Meksik poul dakò apsete migran yo.

Meksik deja aksepte plizyè migran anba politik "Rete Meksik la" tankou migran ki soti nan peyi Gwatemala, Ondiras ak Salvado.

Efò Lèzetazini pou fè mete presyon sou Meksik pou aksepte sitwayen ki soti nan twa peyi sa yo an patikilye montre pwofondè enkyetid ki genyen andedan administrasyon Biden nan ak migran sa yo ki ap antre ilegalman Ozetazini.

Pifò imigran ki soti Kiba, Nikaragwa ak Venezyela ki travèse fwontyè a gen dwa rete pou yo pouswiv demann azil, paske li difisil pou yo depòte yo akoz relasyon diplomatik Etazini genyen ak gouvènman peyi sa yo.

Ministè Etranje Meksik la te refize fè kòmantè. Yon pòtpawòl pou Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan te refize diskite sou kestyon an tou.

XS
SM
MD
LG