Accessibility links

Breaking News

Elektè Nwa yo Taka Jwe yon Wòl Kle nan Wisconsin


Foto Achiv: Senate Repibliken Ron Johnson (goch) ak kandida Demokrat pou Sena a Mandela Barnes. Yo tou le 2 vle reprezante eta Wisconsin nan Sena Etazini.
Foto Achiv: Senate Repibliken Ron Johnson (goch) ak kandida Demokrat pou Sena a Mandela Barnes. Yo tou le 2 vle reprezante eta Wisconsin nan Sena Etazini.


Demokrat Mandela Barnes nan yon kous sere pou yon syej nan Sena Etazini. Lap fe konpetisyon ak Repibliken Ron Johnson ki deja fe 2 manda kom senate.

Si li ranpote lal viktwa, Barnes tap tounen premye senate nwa eta Wisconsin janm genyen.

Lap travay di pou ranpote vwa kominote nwa Milwaukee a, yon gran vil nan Wisconsin.

Misye ede ankouraje jen nwa yo al vote, atrave yon oganizasyon ki rele Power to the Polls.

Paste Greg Lewis di vòt nwa yo enpòtan.

"Repibliken ou Demokrat, kelkeswa moun ki ranpote plis vw kominote minorite sa a kapab genyen. Men fok moun al vote. Donk se pou sa mwen di elekte yo nou gen anpil pouvwa nan mond lan!"

Barnes te resevwa yon bourad bò kote ansyen Prezidan Barack Obama, pandan yon miting politik nan Milwaukee.

Si moun Milwaukee yo vote pou li, sa taka ede Barnes anpil paske li te grandi nan vil la e se la li te tanmen karye li kòm politisyen.

Sa pa gen lontan, li te pran la pawòl nan yon legliz batis nan kominote a, kote li te rankontre ak elekte fanm nwa yo.

"Gen anpil bagay an je pou popilasyon an nan eleksyon sa a. Nap pale de dwa ak libete nou goumen pou yo, ki kapab disparet akoz moun tankou Ron Johnson. Kitse dwa pou vote, pou vwa w konte, oubyen sekirite sosyal pou retrete yo oubyen swen sante."

Makoria Morrow bay enpresyon li de Barnes.

" Mwen santi li diferan donk mwen te vle vinn rankontre li pou we si vreman vre li onet jan li paret la. Li tankou noumenm. Li taka vwazen mwen, donk mwen pral vote pou li. "

Michelle Watkins te asiste evenman an tou.

"Yon moun ki sanble w, ki konprann ou, ke ou senpatize ave'l gen enpotans pou mwen. Mwen kwe nou bezwen yon moun konsa kap reprezante nou."

Kous Wisconsin nan se youn pami kek kous elektoral ki kle pou determine ki pati ki pral kontwole Sena Etazini an.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG