Accessibility links

Breaking News

Kantite Fanm Ameriken ki Enskri pou Vote Nan Eleksyon Mi-Manda yo Ogmante


USA, Washington, people gathered in front of the Supreme court after the abolition of the Roe vs Wade verdict
USA, Washington, people gathered in front of the Supreme court after the abolition of the Roe vs Wade verdict

Demokrat Tom Bonier k-ap mennen estrateji e ki travay nan biwo vòt-yo pa janm viv yon bagay konsa nan 28 lane depi l-ap òganize eleksyon.

Li di, “Nou wè medam-yo angaje nan politik-la plis pase sa m te janm wè anvan. »

Nan mwa apre Kou Siprèm Etazini-an te ranvèse desizyon Roe Vs Wade-la, ki te garanti dwa pou fanm fè dilatasyon, kantite fanm ki enskri pou vote nan eleksyon mitan manda mwa Novanm sa-a pran yon ogmantasyon 35 pousan nan 20 eta ki pataje chif sou enskripsyon sa-yo, dapre yon analiz jounal New York Times.

Pami eta sa-yo gen Kansas, Pennsilvani, Ohio, Oklahoma, Florid, Kawolin di Nò, Idaho, Alabama, New Mexico ak Maine.

Bonier di chif-yo moutre ke fanm-yo enskri pou vote plis pase gason-yo nan eta Tankou Wisconsin ak Michigan, kote yo krenn pou yo pa pèdi dwa pou yo pran desizyon sou kesyon fè pitit.

XS
SM
MD
LG