Accessibility links

Breaking News

Elektè nan 5 Eta Ap Deside Si yo Dwe Legalize Mariwana


Foto Achiv: Yon manifestan flote yon drapo ki gen fey mariwana sou li pandan yon manifestasyon pou mande gouvenman an legalize mariwana nan Washington.
Foto Achiv: Yon manifestan flote yon drapo ki gen fey mariwana sou li pandan yon manifestasyon pou mande gouvenman an legalize mariwana nan Washington.

Elektè nan 5 eta Ameriken ap deside nan eleksyon jodi Madi 8 Novanm nan si yo vle apwouve itilizasyon rekreyasyonèl mariwana.

Kestyon sa a devan elektè nan eta Arkansas, Maryland, Missouri, Dakota di Nò ak Dakota di Sid. Rezilta vòt la taka siyale yon gwo chanjman pa rapò ak legalizasyon dwòg la menm nan rejyon Etazini ki pi konsèvatè yo.

Plan sa yo vini apre Prezidan Joe Biden te anonse li pral padone dè milye Ameriken ke lajistis kondane pou posesyon senp mariwana.

Itilizasyon rekreyasyonèl mariwana legal nan 19 eta e gen 5 eta kote elektè yo ap deside sou sa deja gen pwogram legal pou itilizasyon medikal mariwana.

Yon lòt plan elektè eta Colorado yo ap deside gen ta pèmèt moun itilize kèk sibstans sikedelik.

XS
SM
MD
LG