Accessibility links

Breaking News

Taiwan di Egzèsis Militè Lachin Sanble Simile yon Atak


Nan foto sa a ke Ajans Nouvel Lachin Xinhua voye bay lapres, yon man Lame Popile Liberasyon an gade dewoulman egzesis milite pandan yon bato de ge Taiwan Lan Yang ap pase nan zon nan, 5 Out, 2022.
Nan foto sa a ke Ajans Nouvel Lachin Xinhua voye bay lapres, yon man Lame Popile Liberasyon an gade dewoulman egzesis milite pandan yon bato de ge Taiwan Lan Yang ap pase nan zon nan, 5 Out, 2022.

Taiwan di egzèsis militè Lachin yo sanble simile yon atak kont zile a apre bato de gè Chinwa yo ak avyon li yo te travèse liy medyan Detwa Taiwan nan apre vizit Lidè La Chanm dè Reprezantan Etazini, Nancy Pelosi te fè nan Taipei.

Ministè Defans Nasyonal Taiwan nan deklare Samdi fòs zame yo te lanse yon avètisman, voye avyon fos ayeryèn ni ak bato fòs naval li fè patwouy ozalantou zile a epi aktive sistèm misil li yo fas ak sityasyon sa a.

Lame Taiwan nan detekte tou 4 avyon ki pat gen pilot ladan yo ki tap vole tou pre awondisman Kinmen, ki sitye tou pre Lachin epi yo te reponn ak fize eklerant.

Vwayaj Pelosi nan Taipei te vekse Peken anpil. Sa te lakoz Lachin te sispann chita tande sou defans ak chanjman klimatik li tap fè ak Etazini.

Taiwan rapòte tou atak pirat masiv kont sit entènèt ofisyèl li yo.

XS
SM
MD
LG