Accessibility links

Breaking News

Etazini Ranvwaye Kèk Tès Misil li te Planifye pou Kalme Tansyon ak LaChin


White House Press Secretary Karine Jean-Pierre holds a press briefing at the White House
White House Press Secretary Karine Jean-Pierre holds a press briefing at the White House

Mezon Blanch anonse yon plan an plizyè etap pou defann yon "rejyon Endo-Pasifik ki lib e ouvè" apre Chinwa yo fin tire pou pi piti 11 misil balistik nan dlo ki antoure Taiwann jedi, yon jou apre lidè Chanm Reprezantan Etazini, Nancy Pelosi, fini yon vizit nan zile a ki te fè Peken move kou kong.

"LaChin chwazi pou-l pa kontwole kolè li e sèvi ak vizit Pelosi a kòm yon pretèks pou l ogmante aktivite militè pou fè pwovokasyon nan Detwa Taiwann nan e nan alantoua," se pawòl John Kirby, kòdonatè pou kominikasyon estratejik nan Konsèy pou Sekirite Nasyonal la jedi.

Kirby di jounalis yo Sekretè Defans Etazini Lloyd Austin òdone pòt-avyon USS Ronald Reagan ak bato yo nan

gwoup li a pou yo rete toupre pou yo "swiv sityasyon an", nan tout Detwa Taiwann nan nan semèn k ap vini yo.

Mèkredi, nouvèl yo te fè konnen lame Taiwann nan te tire kèk flanm limyè pou voye avètisman bay yon drone Lame Liberasyon Popilè Chinwa a. Apre sa drone nan te kite zòn nan e tounen nan baz li nan gran Chin nan, dapre laprès nan Taiwann.

XS
SM
MD
LG