Accessibility links

Breaking News
Azi

Lamezonblanch Konvoke Anbasadè Lachin nan Washington


UKRAINE-CRISIS/USA-GRINER-WHITE HOUSE
UKRAINE-CRISIS/USA-GRINER-WHITE HOUSE

Pòtpawòl sekirite nasyonal Lamezonblanch, John Kirby, di Vandredi ke Lamezon Blanch konvoke anbasadè Lachin nan Washington pou kondane konpòtman "irèsponsab" Lachin nan Taiwan.

Kirby di ke Qin Gang te konvoke apre demonstrasyon fòs "pwovokatif" militè Chinwa yo ap fé nan rejyon an repons a vizit Prezidan Chanm depite Ameriken an, Nancy Pelosi, nan Taiwan.

Li pa presize kiyès ki te resevwa anbasadè a.

"Nou kondane operasyon militè Lachin nan, ki irèsponsab e ki kontrè ak objektif tan lontan nou an pou kenbe lapè ak estabilite nan Taiwan," pòtpawòl la te di.

"Nou te pale klè ak anbasadè a ke aktivite Peken yo bay gwo kè sote pou Taiwan, pou nou menm ak pou patnè nou yo atravè mond lan.

Lèzetazini pa rekonèt endepandans Taiwan pandan y ap sipòte dwa zile a pou l rete eta demokratik.

"Nou te fè konnen tou ke Etazini te pare pou tout sa Lachin te chwazi fè," li te deklare.

XS
SM
MD
LG