Accessibility links

Breaking News
Azi

Taiwan Kritike Egzesis Milite 'Ilejitim, Iresponsab' Lachin yo


Yon ekran televizyon montre Lame Liberasyon Popile La Chin nan tanmen egzesis milite ozalantou Taiwan, 4 Out 2022.
Yon ekran televizyon montre Lame Liberasyon Popile La Chin nan tanmen egzesis milite ozalantou Taiwan, 4 Out 2022.

Lachin lanse veritab misil pandan egzèsis militè li fè ozalantou Taiwan Jedi, yon jou apre vizit Lidè la Chanm dè Reprezantan Etazini Nancy Pelosi te fè nan zile a ki gen yon gouvènman demokratik men ke Peken konsidere tankou teritwa pa li.

Yon ti tan apre egzesis la te tanmen a 0400 GMT, televizyon nasyonal Lachin nan, CCTV te anonse nouvel la epi di yo tapral fini a 0400 GMT Dimanch. Lachin deklare pandan manev sa yo yo pral tire misil nan lanme ak nan espas ayeryen ozalantou Taiwan.

Responsab Taiwane yo di egzesis sa yo vyole regleman Nasyonzini yo, anvayi espas ayeryen Taiwan epi reprezante yon defi direk pou nagivasyon lib nan espas ayeryen an ak nan lanme.

Lachin ap fe egzesis milite nan youn nan pasaj dlo entenasyonal ak wout ayeryen ki gen plis trafik yo e se yon konpotman ki "iresponsab ak ilejitim," Pati Pwogresis Demokratik ki dirije Taiwan nan deklare.

Pot pawol Kabine a kondane ak tout fos li egzesis milite yo e li di pirat atake sit entenet ministe defans la, ministe afe etranje a ak biwo prezidansyel la.

XS
SM
MD
LG