Accessibility links

Breaking News
Azi

Pelosi di Etazini Pa p Abandone Taywann, Malgre Pwotestasyon Lachin


Nan foto sa a ke Ministe Afe Etranje Taiwan pataje ak lapres, Minis Joseph Wu pale ak Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi nan moman lap pare pou'l kite Taipei, Taiwan, Mekredi 3 Out, 2022.
Nan foto sa a ke Ministe Afe Etranje Taiwan pataje ak lapres, Minis Joseph Wu pale ak Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi nan moman lap pare pou'l kite Taipei, Taiwan, Mekredi 3 Out, 2022.

Lidè Chanm dè Reprezantan Etazini an, Nancy Pelosi, kite Taywann apre yon vizit ki te soulve anpil menas bò kote Lachin.

Pelosi di li menm ak lòt manm Kongrè a ki nan delegasyon an, te montre yo pa p abandone angajman yo vizavi Zile Taywann ki gen yon gouvènman demokratik.

Lachin reklame Taywann kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li e li rejte tout angajman responsab taywanè yo genyen ak gouvènman etranje.

Pelosi te rankontre lidè taywann yo mèkredi anvan li kite Taype pou l ale nan Peyi Kore di Sid.

Peken te lanse avètisman pou di pinga Madam Pelosi al vizite zile a epi li te anonse li ta pral tanmen egzèsis militè -pami yo gen egzèsis ak veritab zam nan dlo ak nan syèl ozalantou Taywann. Anons sa a te fèt apre Pelosi te rive Taype.

Ekspè yo lanse avètisman pou di lè yon peyi sèvi ak veritab zam nan espas ayeryen oubyen lanmè yon lòt peyi, yo ta ka konsidere sa tankou yon aksyon lagè.

XS
SM
MD
LG