Accessibility links

Breaking News

Pelosi: "Nou p ap Abandone Angajman nou Anvè Taiwan"


U.S. House Speaker Nancy Pelosi attends a meeting with Legislative Yuan Vice President Tsai Chi-chang
U.S. House Speaker Nancy Pelosi attends a meeting with Legislative Yuan Vice President Tsai Chi-chang

"Nou pa pral abandone angajman nou anvè Taiwan," se kalite pawòl sa yo prezidan chanm depite Etazini an Nancy Pelosi te di Mèkredi nan yon rankont ak prezidan zile a Tsai Ing-wen.

Vizit Pelosi nan Taiwan pwovoke anpil kòlè nan Peken, ki fache kont desiyon sila a.

Madam Pelosi te kontinye ak deklarasyon li yo pou di: "Jodi a, delegasyon nou an... te vini nan Taiwan pou di san ekivok ke nou pa pral abandone angajman nou anvè Taiwan e ke nou fyè de amitye dirab nou an."

XS
SM
MD
LG