Accessibility links

Breaking News
Azi

Lidè Chanm dè Reprezantan Ameriken an, Pelosi, Rive Taywann


Nan foto sa a ke Ministe Afe Etranje Taiwan pibliye, Minis Joseph Wu akeyi Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi apre li rive nan Taipei, Taiwan, Madi 2 Out, 2022.
Nan foto sa a ke Ministe Afe Etranje Taiwan pibliye, Minis Joseph Wu akeyi Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi apre li rive nan Taipei, Taiwan, Madi 2 Out, 2022.

Lidè Chanm dè Reprezantan Etazini an, Nancy Pelosi, rive Taiwann malgre menas Peken te fè pou di ap gen konsekans grav si Prezidan Chanm Depite a fè vwayaj sa a. Pelosi se otorite ameriken pi wo plase ki vizite zile a nan 25 an.

Taiwann gen yon gouvènman demokratik e Lachin reklame zile a kòm yon pati nan tèritwa nasyonal li.

Moun Taiwan kenbe yon banye devan otel kote Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi desann nan Taipei, Taiwan pou swete li byenvini, 2 Out 2022.
Moun Taiwan kenbe yon banye devan otel kote Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi desann nan Taipei, Taiwan pou swete li byenvini, 2 Out 2022.

Vizit Pelosi a ogmante tansyon ant La Chin ak Etazini. Lachin konsidere vizit lidè etranje fè nan Taywann kòm yon aksyon ki vle di yo rekonèt souvrènte zile a.

Lachin te lanse yon pinga pou di l ap pran dispozisyon "djanm ak sevè" si Pelosi reyalize plan li te genyen pou l fè vizit sa a.

Administrasyon Biden nan pa t mande Pelosi pou l pa fè vwayaj la; men, an menm tan, li te chache bay Peken garanti ke sa pa anonse okenn chanjman nan politik Etazini vizavi Taywann.

XS
SM
MD
LG