Accessibility links

Breaking News

Biden, Xi Taka Rankontre Fas-a-Fas


Foto Achiv: Prezidan Etazini Joe Biden ak Prezidan La Chin Xi Jinping.
Foto Achiv: Prezidan Etazini Joe Biden ak Prezidan La Chin Xi Jinping.

Prezidan Joe Biden ak Prezidan Chinwa a, Xi Jinping taka rankontre fas-a-fas pou premye fwa depi Biden te monte sou pouvwa a, dapre yon responsab wo plase Lamezonblanch.

Lidè yo te pase plis pase 2 zè'd tan ap pale nan telefon Jedi, nan moman tansyon ant 2 peyi yo ogmante anpil.

Xi mete aksan sou le fèt ke La Chin reklame Taiwan kom teritwa li, e Ministè Afè Etranjè a di "sak jwe ak dife va peri pa dife."

Bo kote pa'l Lamzeonblanch di Biden te souliyen ke Etazini opoze "jefo inilateral pou chanje stati ko a, epi minnen lapè ak stabilite atravè Detwa Taiwan nan."

Relasyon ant 2 peyi yo mangonmen akoz bwi kap kouri pou di kom kwa Lidè la Chanm dè Reprezantan Nancy Pelosi taka vwayaje ale Taiwan, yon zile ki gen yon gouvènman Demokraktik.

XS
SM
MD
LG