Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden ak Prezidan Xi Gen pou Yo Fè yon Rankont Vityèl Nan Mwa Jiyè


China US Poll
China US Poll

Bangkòk - Lèzetazini avek Lachin ap planifye yon rankont pa vizyo-konferans ant lidè 2 peyi yo pa pi ta ke nan dènye semèn mwa jiyè a apre chèf diplomasi 2 pi gwo ekonomi mondyal yo te rankontre semèn pase a nan koulis Somè G-20 an nan vil Bali, nan Endonezi.

Otorite chinwa yo pwopoze jou 25 jiyè a kòm dat yon rankont vityèl ant Prezidan Joe Bien ak Prezian Xi Jinping, dapre kèk sous diplamatik ki byen okouran sa k te di nan yon chita-tande 5 kèdtan ki te dewoule samdi pase ant Sekretè Deta Antony Blinken avèk Minis Afè Etranjè chinwa a, Wang Yi.

Yon lòt rankont 20 minit ki te pwograme ant Blinken ak Wang pa rive fèt apre otorite 2 peyi yo te fin fè kèk diskisyon manch-long sou divès sijè –pami yo te gen lagè Larisi lanse nan Ikrèn nan, Taywann, dwamoun, avèk Kore di Nò. Blinken, ki t ap bay yon konferns pou laprès dimanch nan Bangkòk, Peyi Tayland, deklare:

“Pou sa k konsènen Prezidan Xi ak Prezidan Biden, sa nou espere sè ke yo pral gen okazyon fè kèk chita-tande nan semèn k ap vini yo.”

XS
SM
MD
LG