Accessibility links

Breaking News
Azi

Pelosi Tanmen Vire Won li Ann Azi nan Sengapour

Nan foto sa a ke Ministe Kominikasyon ak Enfomasyon Sengapour la pataje ak lapres, Lide La Chanm Nancy Pelosi, a goch, poze pou yon foto ak Premye Minis Lee Hsien Loong nan Pale Prezidansyel la nan Sengapour, Lendi 1 Out, 2022.

Lidè la Chanm dè Reprezantan Etazini Nancy Pelosi tanmen vire won li ann Azi ak yon chita tande ak lidè Sengapour yo. Pandansetan, gen anpil kestyon kap poze pa rapò ak posibilite pou'l ta fè yon pase nan Taiwan, yon koze ki vekse Peken a mò.

Lè laprès nan Washington te poze'l kestyon sou sa men sa Pelosi te reponn.

"Mwen pa janm pale de vwayaj mwen paske ou konnen se yon kestyon sekirite. Se yon kestyon sekirite le nempot manm Kongre a ap vwayaje sitou aletranje. Men pou Lide La Chanm, kestyon sekirite a pran anple pou mwenmanm ak moun kap vwayaje ave'm."

Pelosi te ajoute yon vizit ann Azi enpotan pou li.

"Map repete nou gen responsabilite global vizavi 3 bagay - mwen toujou di sa: sekirite, ekonomi a ak gouvenans. E vizit la ap fet nan kad sa a. "

Laprès lokal nan Taiwan di Pelosi gen pou'l rive lòt bò a Madi swa. Li ta responsab eli pi wo plase Ameriken ki janm vizite zile a depi 25 an.

Nan foto sa a ke Ministe Kominikasyon ak Enfomasyon Sengapour la distribye bay lapres, Lide la Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi (a gosh) ak Premye Minis Lee Hsien Loong (a dwat) patisipe nan yon rankont, Lendi 1 Out, 2022.

Yon vizit konsa taka vekse Peken anpil paske li konsidere Taiwan tankou teritwa pa li e li repete plizyè fwa ke ap gen "konsekans sevè" si Pelosi pouse pou pi devan ak vizit la.

Men sa Zhao Lijian, pòt pawòl Ministè Afè Etranjè La Chinn te di jodia, sou vizit Pelosi a.

"Nou ta renmen avèti Etazini anko ke La Chinn pare konplètman pou tout evantyalite. Lame Liberasyon Pèp Chinwa a pap rete bra kwaze. La Chin pral reponn yon fason rezoli epi pran mezi pou kontre ak sofgade souvrènte li ak entegrite teritoryal li. Sa Etazini ta dwe fè se repsekte prensip Yon Chinn nan ak 3 kominike konjwen Chinwa Ameriken yo, epi respekte angajman Prezidan Biden te pran pou'l pa apiye tantativ Taiwan ap fè pou'l separe ak nou epi pa ranje okenn vizit Lidè Palman Pelosi nan Taiwan," li deklare.

Nan yon rankont ak Pelosi Lendi, Premye Minis Sengapour la Lee Hsien Loong te akeyi ak brazouvè angajman Etazini pran ak rejyon an men li souliyen tou, enpòtans relasyon ant Etazini ak La Chinn pou prezève lapè ki egziste nan rejyon an.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press ak Reuters.

XS
SM
MD
LG