Accessibility links

Breaking News
Azi

Pelosi Konfime li Nan Wout pou li Ale Azi, san li pa Mansyone Taiwan


U.S. House Speaker Nancy Pelosi holds news conference on Capitol Hill in Washington
U.S. House Speaker Nancy Pelosi holds news conference on Capitol Hill in Washington

Prezidan Chanm depite Ameriken an, Nancy Pelosi konfime dimanch ke li sou wout pou l ale nan Lazi, san li pa mansyone si li ap vizite Taiwan. Yon vizit nan zile sa a ta ka kreye plis traka nan relasyon ant Lachin ak Etazini.

Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi konfime li pral vizite 4 peyi Azyatik semen sa a men li pa di si li pral fe eskal Taiwan, yon posibilite ki vekse Peken, ki konsidere zile a tankou teritwa pa li.

Pelosi di nan yon deklarasyon li pibliye ke lap dirije yon delegasyon Kongre a ki pral vizite Sengapour, Malezi, Kore di Sid ak Japon pou diskite sou komes, pandemi COVID-19 la, chanjman klimatik, sekirite ak gouvenans demokratik.

Pelosi poko konfime nouvel ki di kom kwa li taka fe yon pase Taiwan tou.

Pati kominis Chinwa a lanse yon pinga ba li pou'l pa vizite zile a. Peken konsidere kontak ant responsab Ameriken yo ak Taiwan tankou yon ankourajman pou rann endepandans de-facto zile a pemanan.

Ministe Defans la lanse aveistman pou di li pral pran mezi "seve pou anpeche etranje foure bouch yo nan koze a. "

XS
SM
MD
LG