Accessibility links

Breaking News

Pelosi Rankontre Prezidan, Palmantè Taiwan


Nan foto sa a ke Biwo Prezidans Taiwan nan pibliye, Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi (mitan goch) rive ak Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen pou yon rankont nan Taipei, Mekredi 3 Out, 2022.
Nan foto sa a ke Biwo Prezidans Taiwan nan pibliye, Lide La Chanm de Reprezantan Etazini Nancy Pelosi (mitan goch) rive ak Prezidan Taiwan Tsai Ing-wen pou yon rankont nan Taipei, Mekredi 3 Out, 2022.

Lidè La Chanm dè Reprezantan Etazini Nancy Pelosi rive Taiwan ta Madi pou'l rankontre Prezidan Tsai Ing-wen.

Pandan vizit la, Tsai te prezante yon meday bay Pelosi.

Depite a se responsab Ameriken pi wo plase ki vizite Taiwan depi 25 an. Zile sa a gen yon gouvènman demokratik men La Chin reklame li kòm teritwa pa li.

La Chinn te prese vit anonse lap fè manèv militè pou reponn kif-kif prezans Pelosi nan Taiwan.

Pi bonè nan jounen an, Pelosi te rankontre vis prezidan palman Taiwan nan, Tsai Chi-chang nan Taipei.

Lidè la Chanm nan di li konsidere rankont la tankou yon gwo onè.

" Mesi anpil pou prezans ou ak bel akey sa a. Mwen aksepte tout bel pawòl ou yo nan non Kongre Etazini paske tout sa fet ak apwi tou le 2 pati yo pou montre apwi nou pou Taiwanm" Pelosi deklare. "Le ou di mwen se yon bon zanmi Taiwan, mwen konsidere sa tankou yon gwo konpliman. Men, map resevwa li nan non koleg mwen yo. Ou te rekonèt e mansyone yo nan komansman men mwen trè fyè de delegasyon ki akonpaye'm jodia."

Pelosi di li te vle ede ogmante kowoperasyon entè-palmantè ak diyalog" ant 2 peyi yo epi travay sou fason presi yo ka kolabore ak Taiwan.

Kek enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG