Accessibility links

Breaking News
Azi

Pelosi Rankontre Lidè Politik Kore di Sid yo


Lide la Chanm de Reprezandan Etazini rankontre Prezidan Asanble Nasyonal Kore di Sid la Kim Jin-pyo nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, Jedi 4 OUt, 2022.
Lide la Chanm de Reprezandan Etazini rankontre Prezidan Asanble Nasyonal Kore di Sid la Kim Jin-pyo nan vil Seoul, kapital Kore di Sid, Jedi 4 OUt, 2022.

Lidè La Chanm dè Reprezantan Etazini Nancy Pelosi rankontre responsab wo plase Kore di Sid yo nan vil Seoul apre li yon vizit wo pwofil li sot fè nan Taiwan.

Pandan sejou li nan Taipei, Pelosi te renouvle angajman "kuirase" Washington pran pou'l defann demokrasi nan zile a malgre pwotestasyon pasyone Lachin.

Pelosi ak lòt manm delegasyon Kongrè a te pran avyon pou al Kore di Sid Mèkredi swa, nan kad yon vire won yap fè ann Azi.

Jedi, Pelosi rankontre Prezidan Asanble Nasyonal Kore di Sid la, Kim Jin Pyo -- ak lòt responsab wo plase palman an pou diskite sou sekirite rejyonal epi kowoperasyon ekonomik.

Pelosi gen entansyon al vizite zòn fwontyè entè-Koreyen an, ke Kòmandman LONU Etazini dirije a kontwole ansanm ak Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG