Accessibility links

Breaking News

Demokrat kou Repibliken Apiye Vizit Nancy Pelosi nan Taiwan


Senate Demokrat Joe Manchin, ki reprezante Vijini de Lwes se youn nan manm pi konsevate yo pami Demokrat nan Sena a.
Senate Demokrat Joe Manchin, ki reprezante Vijini de Lwes se youn nan manm pi konsevate yo pami Demokrat nan Sena a.

Demokrat kou Repibliken nan Sena Ameriken an di yo apiye vizit Lidè La Chanm dè Reprezantan Nancy Pelosi ap fè nan Taiwan, malgre La Chinn opoze vizit la.

Senatè Joe Manchin, yon Demokrat ki reprezante Vijini de Lwès pa konsidere vizit Pelosi a tankou yon "gwo zafè" paske anpil senatè ak manm Kongrè deja ale nan zile sa a ke La Chin reklame kom teritwa pa li.

"Pa gen danje nan sa (Pelosi) ap fè a. Li pa fè anyen ki a andomeje yo e li pa swete La Chinn okenn malè," Manchin deklare. "Li senpman swete moun Taiwan yo ki renmen lapè va jwenn tout opotinite yo merite. E nou apresye relasyon nou genyen ak zile a. Donk mwen kwè se yon bon bagay.

Yon ti tan apre Pelosi te rive, La Chinn te anonse yon seri operasyon militè ak egzèsis ke li di pral tanmen Madi swa nan dlo ak syèl tou pre Taiwan. Ladann gen lansman misil long-pote nan Detwa Taiwan nan.

La Chinn te lanse avètisman pou di tap gen "mezi sevè ak rezoli" si Pelosi te pouse pou pi devan ak vwayaj la e li te sèmante pou'l kontre entèferans etranje ak "tantativ pou ankouraje Taiwann pran endepandans li.

Foto Achiv: Senatè Tommy Tuberville, yon Repibliken ki reprezante eta Alabama nan Sena Etazini pale ak jounalis yo, 24 Me, 2022.
Foto Achiv: Senatè Tommy Tuberville, yon Repibliken ki reprezante eta Alabama nan Sena Etazini pale ak jounalis yo, 24 Me, 2022.

Gen 26 palmantè Repibliken ki pibliye yon deklarasyon kote yo eksprime sipo yo pou Lidè Demokrat la. Se yon bagay ki ra anpil pou yo fè sa. Deklarasyon an di vwayaj manm Kongrè a nan Taiwan se yon bagay ki woutin.

Senatè Repibliken Tommy Tuberville, ki reprezante eta Alabama, di li t'al vizite Taiwan sa gen kèk mwa desa ansanm ak 3 lot senatè e gouvènman Chinwa a te babye pou sa tou.

XS
SM
MD
LG