Accessibility links

Breaking News
Azi

Nan Kore di Sid, Pelozi Evite fè Deklarasyon Konsènan Relasyon Taywann ak Lachin


Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi ak Prezidan Asanble Nasyonal Kore di Sid la, Kim Jin-pyo anvan rankont yo nan Seroul, 4 Out, 2022.
Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi ak Prezidan Asanble Nasyonal Kore di Sid la, Kim Jin-pyo anvan rankont yo nan Seroul, 4 Out, 2022.

Lidè Chanm Bas Lèzetazini, Nancy Pelosi, pousuiv jedi yon toune l ap fè sou kontinan azyatik la avèk yon vizit o Japon.

Pelosi debake jedi nan Peyi Japon, youn nan etap yon toune l ap fè sou kontinan azyatik la ki gen ladan l tou Taywann, Sengapour ak Malezi.

Aprè Prezidan Chanm de Repezantan Etazin an te fin pwovoke kòlè Lachin avèk yon vizit nan Taywann, li te vwayaje nan Kore di Sid kote li rankontre jedi avèk lidè politik yo nan Sewoul; sepandan, li evite fè deklarasyon dirèk sou relasyon ant Peken ak Taype ki ta kapab fè tansyon an monte plis nan rejyon an.

Pelosi Rive Japon Apre yon Vizit nan Kore di Sid
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:28 0:00

Pelosi, ki se premye fanm ki okipe pòs Prezidan Chanm Bas la nan 25 kan, te deklare mekredi nan Taype anvan l te kite Taywann:

“Angajman Lèzetazini pran pou l defann demokrasi taywanèz la ak demoraki lòt kote, se yon angajman ki rete fèm e innebranlab.”

Kòm repons, Lachin pran desizyon jedi pou l kòmanse fè egzèsis militè nan 6 zòn ki ozalantou Tywann –pami egzèsis sa yo genyen kèk kote sòlda chinwa yo fè antrennman konsènan atak ak misil. Daprè obsèvate yo, se pi gwo egzèsis konsa Lachin fè depi mitan ane 1990 yo.

Ajans nouvèl Associated Press fè konnen nan jounen jedi a Pelosi te gen pou l vizite yon pati nan fwontyè ant 2 Kore yo, ki anba kontwòl yon kòmandman ke Lezetazini ap dirije e ki gen ladan l otorite Kore di Nò ak Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG