Accessibility links

Breaking News

Nouvo Gouvènman Kore di Sid la Moutre li Vle Konsidere Lide pou Sèvi Plis ak Misil Defans THAAD


A Terminal High Altitude Area Defense (THAAD) interceptor is launched during a successful intercept test, in this undated handout photo provided by the U.S. Department of Defense.
A Terminal High Altitude Area Defense (THAAD) interceptor is launched during a successful intercept test, in this undated handout photo provided by the U.S. Department of Defense.

Nouvo gouvènman Kore di Sid la moutre li vle konsidere lide pou sèvi plis ak misil defans THAAD ke Etazini deplwaye fas ak prèv ki ap grandi ke Kore di Nò ap pare pou fè yon tès nikleyè.

Kèk ekspè nan kesyon defans di desizyon sa a, ki ta ranvèse politik ki la kounyea, yon desizyon ke LaChin p ap renmen ditou, fè sans pandan Peken pa vle redui nan lansman misil ke Pyongyang ap fè depi kèk tan yo.

Politik ki la kounyea, ki rele "3 non yo" di non pou plis deplwaman THAAD, non pou patisipasyon nan yon sistèm defans Etazini, non pou fòmasyon yon alyans militè ak Washington e ak Tokyo.

Administrasyon Moon nan te parèt ak politik "3 Non yo" ann Oktòb 2017 pou kalme LaChin, apre Peken te lanse yon kanpay repons ekonomik kont Kore di Sid, ki te koute peyi a anpil. Seoul te deside nan ane anvan an pèmèt Etazini plase sistèm defans THAAD la pou defann tèt li kont Pyongyang.

XS
SM
MD
LG