Accessibility links

Breaking News

Sekretè d'Eta Blinken Teste Pozitif pou KOVID-19


Foto Achiv: Sekretè d'Eta Antony Blinken temwaye devan Kominite Sena a kap travay sou Zafè Etranje, 26 Avril, 2022.
Foto Achiv: Sekretè d'Eta Antony Blinken temwaye devan Kominite Sena a kap travay sou Zafè Etranje, 26 Avril, 2022.

Depatman d'Eta fè konnen Sekretè d'Eta Antony Blinken teste pozitif pou KOVID-19 apre li te asiste Dine Korespondan Lamezonblanch yo ak fèt ki asosye avèk fèt sa a pandan wikèn nan.

Pòt pawòl Depatman d'Eta a, Ned Price, deklare Blinkn teste pozitif apre yon tès PCR mèkredi apremidi.

Price di Blinken konplètman vaksinen e li gen sentom leje sèlman.

Blinken te teste negatif madi ak mèkredi maten, men li te vin fè yon lòt tès apre li te kòmanse santi kèk sentom.

Lamezonblach ak Depatman d'Eta di Blinken pa rankontre Prezidan Joe Biden depi plilzyè jou e yo pa konsidere l tankou yon moun ki te gen kontak sere ak prezidan an.

XS
SM
MD
LG