Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris Teste Pozitiv pou COVID-19


Foto Achiv: Vis Prezidan Etazini Kamala Harris pandan yon rankont Kabine Ministeryel la nan Lamezonblanch nan Washington, 13 Avril 2022.
Foto Achiv: Vis Prezidan Etazini Kamala Harris pandan yon rankont Kabine Ministeryel la nan Lamezonblanch nan Washington, 13 Avril 2022.

Vis Prezidan Etazini Kamala Harris teste pozitiv pou COVID-19 dapre Lamezonblanch.

Nouvèl sa a fè sonje viris kontajye a toujou prezan Ozetazini nan moman peyi a ap soulaje restriksyon yo pou pèmèt moun rekomanse viv nomalman, jan yo te konn fè anvan pandemi a.

Ni Prezidan Joe Biden, ni premyè dam Jill Biden pat an kontak sere sere ak Harris pandan jou ki sot pase yo.

Lamezonblanch di Mati ke Harris teste pozitiv apre tès rapid epi tès yo rele PCR la e ke li "pa gen okenn sentom".

Harris pral izole tèt li lakay li, men li kontinye ap travay, e lap tounen nan Lamezonblanch sèlman apre li teste negativ pou viris la.

XS
SM
MD
LG