Accessibility links

Breaking News

Pelosi Teste Pozitif pou COVID-19


Prezidan Joe Biden bo Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi pandan yon evenman nan Lamezonblanch, nan Washington, Madi 5 Avril 2022.
Prezidan Joe Biden bo Lide La Chanm de Reprezantan Nancy Pelosi pandan yon evenman nan Lamezonblanch, nan Washington, Madi 5 Avril 2022.

Lidè La Chanm dè Reprezantan, Nancy Pelosi teste pozitif pou COVID-19, dapre pòt pawòl li.

Nouvèl la rive yon jou apre lidè Demokrat la, ki gen 82 zan te asiste yon evenman nan Lamezonblanch san li pat mete kach-nen, kote li te tou pre Prezidan Joe Biden.

Pelosi teste pozitif pou kowonaviris la apre li fè yon tès. Li pa gen okenn sentom, dapre sa pòt pawòl li, Drew Hammill, deklare sou Twitter Jedi. Misye di Madan Pelosi te teste negatif pi bonè nan semèn nan.

"Lidè La Chanm pran tout vaksen COVID yo e li pran booster tou, e li rekonesan pou bon jan pwoteksyon vaksen an ba li," Hammill deklare. "Li pral "antre nan karantèn jan CDC konseye l la." Li ranvwaye yon vizit li te gen pou'l fè ann Azi.

XS
SM
MD
LG