Accessibility links

Breaking News

Biden Resevwa yon 4em Vaksen Kont COVID-19


Prezidan Joe Biden resevwa dezyBiden Resevwa yon Dezyem Vaksen Booster Kont COVID-19m vaksen booster li kont COVID-19 nan Lamezonblanch, Mekredi 30 Mas, 2022.
Prezidan Joe Biden resevwa dezyBiden Resevwa yon Dezyem Vaksen Booster Kont COVID-19m vaksen booster li kont COVID-19 nan Lamezonblanch, Mekredi 30 Mas, 2022.

Prezidan Joe Biden resevwa yon dezyèm vaksen booster (siplemantè) Pfizer kont COVID-19 Mèkredi. Prezidan an pwofite okazyon an pou'l lanse apèl bay Kongrè a pou'l apwouve yon pwojè lwa pou plizyè milya dola ki gen ladann lajan pou konbat pandemi a.

Komantè Biden yo vini yon jou apre kontwolè federal yo te apwouve yon 4èm vaksen COVID-19 pou moun ki gen plis pase 50 an. Administrasyon an lanse tou yon sit web ki rele covid.gov, ki gen kom objektif pou dispoze tout kalite asistans Ameriken ka bezwen pou jwenn tès COVID, vaksen ak swen.

Lamezonblanch di yon moun anik klike yon bouton epi lap gen aksè ak enfomasyon sou zouti sa yo ak dènye done Sant Kontwol ak Prevansyon Maladi (CDC) pibliye sou COVID-19 nan kominote yo.

XS
SM
MD
LG