Accessibility links

Breaking News

Etazini Taka Oblije Sispann Jefò pou Vaksinen Le Mond Kont COVID-19 Akoz Mank Lajan


Foto Achiv: Yon travaye la sante bay yon moun piki Moderna kont COVID-19 la ke Ayiti jwenn gras ak donasyon inisyativ COVAX la, nan lopital Saint Damien nan Potoprens, 27 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Yon travaye la sante bay yon moun piki Moderna kont COVID-19 la ke Ayiti jwenn gras ak donasyon inisyativ COVAX la, nan lopital Saint Damien nan Potoprens, 27 Jiye, 2021.

Administrasyon Biden nan taka oblije sispann jefo lap fè pou ede vaksinen mond lan akoz palmantè Ameriken yo redwi lajan pou fè fas ak pandemi a nan domèn entènasyonal la nan yon pwojè lwa Prezidan an siyen semèn pase a.

Yon pwojè lwa omnibus Prezidan Joe Biden siyen vo yon milya 500 milyon dola men li pat gen ladann, 15,6 milya dola administrasyon an te mande pou fè fas ak COVID-19. 5 milya dola nan lajan sa a te sipoze ale pou konbat kowonaviris la toupatou nan mond lan.

Pot pawol Lamezonblanch, Jen Psaki di VOA Vandredi administrasyon an pa gen yon plan alternatif pou livre 700 milyon doz vaksen li te pwomet pou voye yo.

"Nou bezwen plis lajan pou kontinye ak asnal vaksen nou. Se pa yon fon sekrè nap kache pou finanse 3 pwogram nou genyen Ozetazini yo ni pou ede le mond jan nou ta renmen fè'," Psaki di VOA.

Yon responsab Lamezonblanch konfime ke Etazini achte 1.2 milya doz vaksen. Sepandan, mank lajan an pral devaste kapasite Etazini genyen pou'l asire tout peyi yo kapab distribye vaksen sa yo, teste moun, trete yo, gen aksè a oksijèn ak lot asistans imanitè nan moman yap goumen pou jere pandemi a.

Natalie Quillian Kowodonatris Adjwen Lamezonblanch pou COVID-19 di jefo a fe fas ak kek pwoblem lot bo dlo tou.

"Doz vaksen sa yo nou kontinye ap livre yo bay peyi yo, men de plizanpligen peyi ki pa aksepte vaksen nou yo, swa paske yo pa gen kote pou mete yo, oubyen yo paka vaksinen moun. Donk nap we akseptans ak demann pou vaksen yo bese nan peyi ki pa gen anpil lajan e se paske yo pa gen enfrastrikti ak finansman pou vaksinen popilasyon an. Se poutet sa nou mande Kongre a bay USAID ak CDC 3 milya dola pou ede nou jere vaksinasyon moun nan peyi kote nou voye vaksen sa yo," li di VOA.

La Mezonblanch di VOA ke Etazini voye 65 milyon doz vaksen COVID-la bay Amerik Latin ak Karayib la.

"Gen apepre 20 peyi ki pa vaksinen anpil moun tankou Ayiti pa eganp ki bezwen asistans pou asire yo ka vaksinen popilasyon an, donk jefo sa yo pral oblije diminye oubyen rete si nou pa jwenn plis finansman," Quillian di VOA.

Se yon gwoup palmantè Repibliken ki lakoz lajan pou repons pandemi a elimine. Yo te refize ajoute plis lajan pou COVID amwens prezidan an te konpanse ak koupi lot kote.

Demokrat nan La Chanm de reprezantan prezante yon nouvo pwoje lwa sekou COVID-19 men li poko gen ase vot pou pase nan tou le 2 chanm Kongre a.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Patsy Widakuswara ak Jorge Agobian kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG