Accessibility links

Breaking News

Kijan Vaksen COVID Sove Lavi Menmsi Moun Ki Vaksinen Ka Tonbe Malad


 Lucas Kittikamron-Mora, 13 zan kenbe yon pankat ki montre apwi li pou vaksen COVID-19 la pandan lap resevwa premye piki li, 13 Me, 2021.
Lucas Kittikamron-Mora, 13 zan kenbe yon pankat ki montre apwi li pou vaksen COVID-19 la pandan lap resevwa premye piki li, 13 Me, 2021.

Gen varyan KOVID ki kapab pèse defans kèk vaksen e li menm posib pou moun ki deja vaksinen tonbe malad. Sepandan, gen yon 2èm liyn defans ki rele “asasen selil T”, ki anpeche moun ki vaksinen yo vin malad gravman, al kouche lopital oubyen mouri. Nouvo kalte vaksen sa yo –ki itilize mRNA menm jan ak Moderna epi Pfizer-BioNTech- oubyen ki sèvi ak vektè viral, tankou Oxford-AztraZeeca- se vaken ki trè bon pou bay yon pwoteksyon total.

Pou nou konprann pou kisa, an n jete on koutje sou fason pi fò vaksen fonksyone. Vaksen Sinopharm ak Sinovac se egzanp ansyen tip vaksen yo. Se enjeksyon yon viris mouri ki fè yo travay. Yon pati nan sistèm iminitè moun nan pral reponn; e pou sa, li fòme antiko nan anpil pati viris mouri a. Pi bon vaksen yo se sila yo ki kole nan yon pati espesyal viris la – se pati sa a vaksen an itilize pou l antre anndan selil yo.

Yo rele vaksen sa yo antikò netralizan. Lè vrè viris la parèt, antikò yo pral anpeche l pwovoke yon enfeksyon. Sepandan, omikwon an gen gwo fasilite pou l chanje; epi dayè antikò netrelizan yo pa ka kole sou li.

XS
SM
MD
LG