Accessibility links

Breaking News

Hong Kong: Carrie Lam ap Planifye Pou Revize Restriksyon COVID-19 yo


HEALTH-CORONAVIRUS/HONGKONG
HEALTH-CORONAVIRUS/HONGKONG

Lidè Hong Kong nan, Carrie Lam di dimanch 20 Mas la ke l-ap planifye pou li revize restriksyon COVID-19 yo jodi lendi a kèk jou apre li fin rekonet gen anpil enstitusyon finansye ki pedi pasyans avek politik Koronavirus yo nan sant finansye a.

Vil la ki anba kontwòl La Chin gen kek nan regleman COVID-19 ki pi sevè nan mond lan, antwòt yon entediksyon sou vol kap soti nan 9 peyi, pami yo Ostrali ak Grand’Bretay, ak karantèn nan otel pou jiska 2 semen pou moun kap antre nan vil la.

Vil la enpoze tou yon entediksyon pou plis pase 2 moun reyini ansanm, pandan pifò lye publik yo femen, pami yo plaj ak teren jwèt , epi gen obligasyon pou moun mete mas e pa gen klas fas a-fas pou elèv yo.

Samdi, otorite yo te rapote yon bess nan nouvo ka COVID-19 yo pandan 3 semen kote otorite-yo te rapòte 16,597, apre te gen plis pase 20,000 nan jou anvan an.

Pandemi koronavirus la anvayi mezon swen pou granmoun aje yo e li paralize anpil kote nan vil la.

XS
SM
MD
LG