Accessibility links

Breaking News

Kòdonatè COVID-19 Jeff Zients ap Kite Administrasyon an


Jeff Zients, the White House's Covid-19 response czar
Jeff Zients, the White House's Covid-19 response czar

Mezon Blanch anonse jedi 17 mas la ke Kòwodonatè COVID-19 pou Joe Biden la, Jeff Zients ak kòwodonatè adjwen, Natalie Quilliam ap kite administrasyon an nan mwa k-ap vini an. Se Dr. Ashish Jha Dwayen Lekol Sante Publik Universite Brown nan ki pral ranplase yo.

Biden te monte ak Zients, yon administratè e yon egzekitif gouvenan ki chaje eksperyans, anvan li te monte sou pouvwa a, e travay li sete bati e egzekite yon repons gouvenman federal la nan tan lage kont koronavirus la, e nan travay sa-a, li te gen pou anpile ak distribye vaksen, metòd tretman ak tès.

Depa li vini nan moman mezon blanch ap chanje pozisyon, soti nan youn kote li tap konfwonte yon pwoblèm ijan, pou antre nan youn kote l-ap ankouraje ameriken yo retounen nan nomal yo nan moman nasyon an ap aprann viv ak yon virus ki mwen seve e ki sanble li ka rete yon maladi ki gen tretman e ki pa gaye nan tout mond la.

Zients ak ekip li a te publiye denye strateji nasyonal kont COVID-19 la nan komansman mwa sa a, kote li detaye estrateji pou pemet moun repran aktivite nòmal yo san danje apre 2 zan kote pandemic an te lakoz anpil aktivite sispann.

Biden chwazi Jha nan moman administrasyon an te tonbe anba kritik poutet li te bay enfomasyon sou virus la ki konfonn publik la nan moman l-ap lache anpil restriksyon ak obligasyon .

XS
SM
MD
LG