Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Biden Pral Lanse Yon Pinga Bay Lachin pou l pa Voye èd Militè Bay Larisi


Biden
Biden

Prezidan ameriken an, Joe Biden, pral lanse yon pinga bay tokay chinwa li Xi Jinping Vandredi. Sekrete d'Eta Anthony Blinken di ke si Lachin bay Larisi èd militè sa vle di li ap "sipòte agresyon Ris" kont Ikrèn.

Prezidan ameriken an, Joe Biden, pral pale avèk Prezidan chinwa a, Chi Zinping, vandredi 18 mas la sou lagè Larisi kòmanse kont Ikrèn nan ak sou konkirans ekonomik k ap fet ant Lèzetazini ak Lachin, daprè sa La Mezon Blanch anonse jedi. Nan yon deklarasyon pòtpawòl Mezon Blanch la, Jen Psaki, pibliye, li fè konnen:

“Sa fè pati nan efò n ap kontinye fè pou n kenbe liyn kominikasyon yo ouvè ant Lèzetazini ak Repiblik Popilè Lachin.”

Se nan telefòn Prezidan Biden pral pale ak lidè chinwa a. Konseye sekirite nasyonal Mezon Blanch la, Jack Sullivan, te renkontre7 tedtan ak yon konseye afè etranjè Lachin nan, Yang Jiechi, nan vil Wòm lendi pase a..

Kontak telefonik vandredi a pral fèt nan moman Biden ap travay pou l pase yon dènye men nan ajisteman l ap fè nan politik etranjè administrasyon l nan, ajisteman ki rele “Viraj sou Lazi,” pou pèmèt yon pwojeksyon kòrèk opinyon Washington sou Lachin kòm konkiran milite e ekonomik ki pi enpòtan Lèzetazini genyen.

XS
SM
MD
LG