Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden Siyen yon Nouvo Lwa sou Ayiti


Manm Kongre a bat bravo pou Prezidan Joe Biden apre li siyen yon lwa nan Lamezonblanch, Madi 15 Mas 2022.
Manm Kongre a bat bravo pou Prezidan Joe Biden apre li siyen yon lwa nan Lamezonblanch, Madi 15 Mas 2022.

Prezidan Joe Biden siyen yon lwa ke La Chanm dè Reprezantan adopte nan dat 13 Janvye a ki "Mezire Pwogrè Ayiti fè pou rebati apre tranbleman tè a, jere kowipsyon, gouvènans, eta de dwa ak libète laprès".

Lwa a ki pote non H.R. 2471 deklare ke politik Etazini mande pou apiye rekonstriksyon Ayiti yon fason ki rekonèt endepandans Ayiti, ak souvrènte l. Li apiye jefò ke pèp Ayisyen an ak gouvènman Ayiti dirije nan tout nivo.

Kriz Politik

Pa rapo ak sityasyon politik la, Lwa di Etazini ap kontribye ak jefo entènasyonal pou fasilite yon diyalog enklizif pami diferan aktè Ayisyen an pou retabli lejitimite demokratik ak enstitisyon yo ann Ayiti.

Lwa a mande pou Etazini kore kapasite a lon tèm pou kore jefo gouvènman Ayisyen an, sosyete sivil la ak sektè prive a ap fè pou kreye opotinite ekonomik ann Ayiti.

Dyaspora

Anski konsène Ayisyen kap viv Ozetazini, lwa a di Etazini apiye kolaborasyon ant dyaspora Ayisyen an ak Etazini epi kominote komèsyal Ayisyen an.

Kowipsyon

Pa rapo ak kowipsyon - lwa a apiye jefo anti-kowipsyon yo, apiye libète laprès epi fè fas ak kè sote pou sityasyon dwa moun nan. Ladann gen ranfosman sanksyon ke Lèzetazini te enpoze anba Lwa Global Magnitsky a sou Responsabilite Vyolasyon Dwa Moun ak Kowipsyon.

Dosye Asasina Jovenel Moise ​

Sou dosye asasina Jovenel Moise la, lwa a mande pou Sekrete Deta a travay ak Minis Jistis la, Sekrete Sekirite Nasyonal la ak Direkte Ajans Ranseyman an pou prepare yon rapo ki:

-Bay detay sou evenman ki te debouche sou asasina a - deskripsyon ak idantifikasyon dat kle, non etranje ki enplike
-Dekri sipo Etazini bay otorite Ayisyen kap mennen anket sou asasina a
-Bay kont randi sou endepandans ak kapasite otorite Ayisyen yo genyen pou mennen anket sou asasina a - epi analize avans oubyen defisi pa rapo ak anket la.
-Li mande tou pou Dekri nempot ki menas oubyen zak kraponaj ki fet kont lapolis ak otorite jidisye kap travay sou dosye a -- epi idantifye etranje ki ta menase oubyen eseye kraponnen moun sa yo.
-Dekri jefo pou entefere oubyen minnen endepandans ak entegrite anket la.
Dekri si gen etranje ki te travay pou gouvenman ameriken an oubyen ki te enfoman pou gouvenman an ki mele nan asasina a
Idantifye e dekri tout etranje ki te patisipe nan egzekisyon, planifikasyon asasina prezidan an

Masak La Saline ak Bel Air

Lwa a mande pouegzaminen lyen ant masak sa yo ak manifestayon popile ki te dewoule anvan sa.
Li mande yon analiz rapo sou masak yo ke Nasyonzuni, Unyon Ewop la ak Gouvenman Ayisyen an prepare
Li mande deskripsyon ak detay sou tout moun ki te oganize ak planifye masak la
Epi li mande kont randi jefo gouvenman Ayisyen an pou jwenn responsab yo e mennen yo devan la jistis

Resous Natirel, Chanman Klimatik

Lwa a anvizaje restorasyon resous natirèl Ayiti yo epi ranfose jefo nan nivo kominotè pou pwoteje anviwonman an epi pwoteje peyi d'Ayiti kont move konsekans dezas meteyowolojik.

Eleksyon

Sou Eleksyon, lwa a ankouraje stabilite politik atravè eleksyon lib, onèt, transparan ki dewoule pi vit posib ann ako ak prensip demokratik yo ak Konstitisyon Ayiti.

Fanm ak Timoun

Sou sityasyon medam yo ak jenes la, lwa a ankouraje patisipasyon 2 gwoup sa yo nan enstitisyon gouvènmantal ak non-gouvènmantal yo epi devlopman ekonomik ak pwogram asistans sou gouvènans ke Etazini finanse.

Libète La Près

Lwa mande pou Sekretè D'Eta a fikse kom priyorite pwomosyon libète laprès ak libète pou moun rasanble libreman. Li mande tou pou pwoteje jounalis yo ann Ayiti pa:

-Ankouraje otorite Ayisyen yo bay jounalis yo plis pwoteksyon
-Kolabore ak responsab gouvènmanan ak reprezantan sosyete sivil la pou ogmante pwoteksyon legal pou jounalis Ayisyen yo
-Apiye jefo pou ogmante transparans nan sektè piblik ak prive yo ann Ayiti ansanm ak aksè a enfomasyon.
-Li anvizaje pou Etazini dispoze asistans etranje pou ogmante kapasite pou jounalis endepandan fonksyone nan peyi a, epi ogmante sipo pou jounalis kap mennen envestigasyon.

COVID-19

Lwa a mande pou Sekretè d'Eta a kowodone ak Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal la sou jefo pou ede Ayiti rebati apre tranbleman tè, siklonn epi pandemi COVID-19 la.

Responsabilite

Lwa a mande pou gouvènman Ayisyen an ak gouvènman Ameriken an bay Kongrè a kont randi pwogrè ki fèt sou objektif sa yo nan 180 jou (kidonk 6 mwa) kote yo ba gen pou remet evalyasyon pwogram ki an plas yo ak done pou apiye konklizyon yo.

Lwa a mande pou Sekrete d'Eta a, Direkte Ajans Sekirite Nasyonal la ak Direktris Ajans Ranseyman Nasyonal la konparet devan Kongre a pou esplike sa yo jwenn.


Koresponsan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG