Accessibility links

Breaking News

Chèf Imanitè LONU Teste Pozitif Pou COVID-19


Martin Griffiths, Under-Secretary-General for Humanitarian Affairs and Emergency Relief Coordinator, speaks with The Associated Press during an interview in Kyiv, Ukraine, April 7, 2022.
Martin Griffiths, Under-Secretary-General for Humanitarian Affairs and Emergency Relief Coordinator, speaks with The Associated Press during an interview in Kyiv, Ukraine, April 7, 2022.

Chef Biwo Imanitè LONU Martin Griffiths anile sanzatann yon vwayaj nan La Tirki lendi swa apre li te teste pozitif pou COVID-19. Li te fè plan pati jodi madi a pou rankontre ak Prezidan Recep Tayyip Erdogan pou pale ak Ankara pou diskite sou èd pou Ikrèn.

"Sese-l-fe, yo pa devan nou kounyea, men nou ka petèt wè sa nan apeprè 2 semèn. Sa ka pran yon ti tan anplis," se sa Griffiths te jounalis yo anvan sa.

Li di sa pral depann de ki direksyon gè a pran e kouman chita-koze ant LaRisi ak Ikrèn ap dewoule.

Griffiths eksprime espwa tou ke Pak Òtodòks la k ap tonbe 24 Avril, ka vini ak yon opòtinite pou lagè a pran yon pòz.

XS
SM
MD
LG