Accessibility links

Breaking News

CDC Soulaje Restriksyon Vwayaj COVID pou Arabi Saoudit, Birmani, Ayiti


Foto Achiv: Katye jeneral Centers for Disease Control and Prevention (CDC) (Sant Kontwol ak Prevansyon Maladi) nan Atlanta.
Foto Achiv: Katye jeneral Centers for Disease Control and Prevention (CDC) (Sant Kontwol ak Prevansyon Maladi) nan Atlanta.

Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi Etazini an, CDC, revize konsèy li yo pou moun kap vwayaje nan Arabi Saoudit, Birmani ak Ayiti pandan pandemi COVID-19 la.

CDC a di li chanje rekòmandasyon vwayaj li pou 3 peyi a Nivo 1 kivledi ba. Anban sa Nivo li te fikse a te 4, kivledi wo anpil e ki konseye Ameriken pou yo evite vwayaje nan peyi sa yo.

Pandan semèn ki pase yo, CDC a revize konsèy li pou divès peyi toupatou nan mond lan, nan moman pandemi COVID-19 la ap bese. CDC a revize konsèy li Lendi a Nivo 1 pou Bangladesh, Filipinn ak Sen Kitts ak Nevis. Anvan sa peyi sa yo te nan Nivo 2 kivledi modere.

XS
SM
MD
LG