Accessibility links

Breaking News

2èm Somè Mondyal sou COVID-19 la Pral Dewoule 12 Me


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pandan yon rankont o some sou COVID-19 nan Lamezonblanch, Washington.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pandan yon rankont o some sou COVID-19 nan Lamezonblanch, Washington.

La Mezon Blanch anonse Lèzetazini pral ko-òganize 2èm somè mondyal sou COVID-19 la nan dat 12 me pwochen an avèk deba sou efò ki pa sispann fèt pou mete fen nan pandemi an sou plan entènasyonal epi prepare pou lòt varyan kowonaviris ki va parèt nan lavni.

Nan yon nòt pou laprès La Mezon Blanch pibliye, li di:

“Le fèt ke nouvo varyan, kòm omikwonn, ap parèt epi epapiye, sa vin ranfòse nesesite pou n devlope yon nouvo estrateji ki kapab kontwole COVID-19 atravè lemond.”

Lèzetazini pral òganize somè a ansanm avèk Beliz, ki se aktyèl prezidan Kominote Karayib la (KARIKOM); Lalmay, aktyèl prezidan gwoup 7 pi gwo ekonomi nan lemond yo (ou G-7); 2 lòt ko-òganizatè se Endonezi, prezidan Gwoup G-20 an, avèk Senegal, prezidan Inyon Afrikèn nan.

XS
SM
MD
LG