Accessibility links

Breaking News

Filadelfi Pase Lòd Pou Moun Mete Kach-Nen Menm Lakay yo


FILE - Customers wear face masks to protect against the spread of the coronavirus as they shop at the Reading Terminal Market in Philadelphia, Feb. 16, 2022.
FILE - Customers wear face masks to protect against the spread of the coronavirus as they shop at the Reading Terminal Market in Philadelphia, Feb. 16, 2022.

Filadelfi tounen premye gwo vil Ozetazini ki retabli lòd pou moun mete mask (kach nen) nan figi yo menm andedan lakay yo lendi pase a nan kad gwo ogmantasyon nan ka koronaviris nan zòn-nan.

Otorite sanitè nan vil -la fè konnen yo vle anpeche yon nouvo vag sou-varyan omicron pwovoke a gaye nan Filadelfi. Nan 10 jou ki sòt pase yo nouvo ka COVID-19 pran yon ogmantasyon 50 pousan; kidonk nivo ki pouse otorite sanitè yo fè rekomandasyon pou rezidan vil-la mete kach-ne menm andedan lakay yo, daprè Dr Cheryl Bettigole, ki se direktris sante piblik.

Otorite nan domèn sante yo kwè ke gwo ogmantasyon yo resanse nan sans sa-a gen pou wè ak sou-varyan Omicron tip BA.2 ki te gaye seryezman an Ewòp ak sou kontinan azyatik-la, e ki te vin dominan isit Ozetazini nan semèn ki sot pase yo.

"Si nou pa pase a laksyon imedyatman, nou pral tonbe nan mènm tyouboun nou te ye anvan-an e ki te debouche sou yon gwo katite hospitalizasyon ak ka lanmò," Dr Bettigole fè konnen.

Gen 750 moun te pèdi lavi yo nan epidemi pandan sezon ivè-a. Nou pa dwe pran chans sikile san mask toutotan nou pa gen enfòmasyon sou severite nouvo sou-varyan sa-a. Responsab lasante nan Filadelfi pral pase lòd pou moun komanse mèt kach-ne andedan antrepriz yo apati dat 18 avril kap vinn la-a.

XS
SM
MD
LG