Accessibility links

Breaking News

Majistra Vil Nouyòk Eric Adams, Teste Pozitif pou COVID-19


Majistra Vil Nouyok la, Eric Adams kanpe sou gazon an ak yon jwe ekip bezbol New York Yankees ki rele Luis Severino anvan yon match kont Boston, Vandredi 8 Avril 2022 nan Nouyok siti.
Majistra Vil Nouyok la, Eric Adams kanpe sou gazon an ak yon jwe ekip bezbol New York Yankees ki rele Luis Severino anvan yon match kont Boston, Vandredi 8 Avril 2022 nan Nouyok siti.

Majistra vil Nouyòk la, Eric Adams teste pozitif pou COVID-19.

Yon pòt pawòl majistra Demokrat la fè konnen nan yon nòt pou laprès ke Adams leve ak yon gòj fè mal Dimanch. Majistra a pran yon tès COVID e rezilta a te pozitif.

Pi bonè Dimanch, pòt pawòl la te pibliye yon mesaj sou Twitter kote li di tès rapid Adams te pran an te bay yon rezilta negatif, men li te pran yon lòt tès kòm mezi prekosyon.

Adams pa gen okenn lòt sentom men li anile tout evenman piblik li yo pou semèn nan e li kòmanse pran medikaman anti-viral.

XS
SM
MD
LG