Accessibility links

Breaking News

Grand Bretay: Prèske 5 Milyon Moun Enfekte ak COVID


FILE: Family members of those who died of COVID walk past the National Covid Memorial wall in London, Tuesday, March 29, 2022.
FILE: Family members of those who died of COVID walk past the National Covid Memorial wall in London, Tuesday, March 29, 2022.

Grand Bretay ap fè eksperyans yon kantite rekò ka COVID-19 kote preske 5 milyon moun enfekte, kidonk youn sou chak 13 moun nan peyi a, daprè chif ofisyel yo.

Nouvèl sou enfeksyon yo ki moute an flèch la rive menm jou kote Grand’Bretay sispann distribye tès rapid COVID bay pifò popilasyon an, nan kad plan premye-minis Boris Johnson ki rele "viv avek COVID".

Selon plan Johnson nan, moun ki pa gen kondisyon ki fè yo frajil devan COVID-19 dwe peye pou tès yo pou yo ka konnen si yo enfekte.

Yo lage responsabilite akselerasyon sa a sou varyan BA.2 omicron nan ki atrapan anpil e ki lakoz yon ogmantasyon nan ka moun ki entène lopital ak kantite moun ki mouri. Sepandan, yo espere kantite ka enfeksyon yo ka komanse desann mwa sa a ak nan mwa k-ap vini an selon sa otorite yo fè konnen.

Dapre yon nouvel Ajans Nouvel Associated Press yon profesè biyoloji nan Inivèsite Oxford di li kwè pifo moun nan peyi a pral enfekte avek varyan an nan sezon ete sa a.

Sant Resous Coronavirus rapote bone yè dimanch la ke li anrejistre plis pase 490 milyon ka COVID ak plis pase 6 milyon ka lanmò. Travayè lasante yo bay preske 11 milya doz vaksen dapre Johns Hopkins.

XS
SM
MD
LG